🌍 📣 APÈL BAY DYASPORA AYISYEN AN "OPERASYON RETOUNEN LAKAY"
Fondasyon Matana ap rele nou tout pou n mete tèt ansanm !
Fondasyon Matana lanse yon gwo mouvman rekonstriksyon epi l ap lonje men bay tout Ayisyèn ak tout Ayisyen ki nan dyaspora a.
Ayiti bezwen ou. Li bezwen nou. Li bezwen NOU TOUT.
Jodi a plis pase janm, nou dwe :
– Rekonstrui lavi yo,
– Bay jèn yo espwa ankò,
– Refè agrikilti a,
– Bay espò valè,
– Ankouraje touris dyaspora,
– Soutni elvaj ak transfòmasyon agrikòl,
– Refè diyite pèp la.
Poukisa nou lanse pwojè sa a ?
Paske dyaspora ayisyèn lan se youn nan pi gwo fòs chanjman peyi a genyen.
Paske retounen lakay, se pa sèlman vin viv, se aji, envesti, pataje, bati ansanm.
Paske ansanm, nou kapab chanje avni Ayiti.
Projets
Découvrez nos initiatives pour un avenir durable et solidaire.

















